Nòt la près

11 jen, Jounen Nasyonal pou Timoun: Fondasyon “Zanmi Timoun” mande pou pwoteksyon tout timoun.

Dezyèm (2èm) Dimanch mwa Jen an te deziyen Jounen Nasyonal Timoun an Ayiti depi 1960. Nan okazyon sa a, Fondasyon “Zanmi Timoun” vle raple enpòtans pou pwoteje ak pwomouvwa dwa timoun nan peyi a. Malgre anpil defi ki bare wout yo, timoun ayisyen yo gen dwa grandi e viv an sekirite, resevwa bon jan edikasyon pou yo ka patisipe nan devlopman peyi a. Sepandan, reyalite a diferan. Dwa timoun vilnerab yo toujou ap vyole. An patikilye, timoun ki nan sitiyasyon lari, timoun nan sèvis domestik, timoun k ap travay, timoun ki gen yon mobilite redwi ak moun k ap viv ak VIH/SIDA yo patikilyèman vilnerab a eksplwatasyon, vyolans, abi ak neglijans.

Leta ak òganizasyon sosyete sivil la dwe travay ansanm pou bay tout timoun bon jan sèvis sosyal san eksepsyon. Anplis de sa, povrete, malnitrisyon, maladi, mank de bon jan edikasyon, lwazi ak vyolans se tout pwoblèm timoun yo ap fè fas ann Ayiti. Sitiyasyon timoun ann Ayiti, jou 11 jen 2023 sa a, se yon bagay ki enkyete anpil e li mande aksyon ijan pou pwoteje dwa timoun yo epi garanti byennèt yo.
Respè dwa timoun ann Ayiti depann anpil de kapasite Leta pou pran responsablite l epi pran mezi konkrè pou amelyore sitiyasyon sosyo-politik nan peyi a. Se poutèt sa, li nesesè mete an plas politik piblik ak pwogram efikas pou pwoteje dwa timoun yo. Gouvènman ayisyen an dwe bay plis atansyon sou pwoblèm ki gen rapò ak timoun epi envesti nan pwogram pwoteksyon sosyal tankou edikasyon, sante, lwazi, epi mete tout bagay an plas pou garanti sekirite yo.

Nan okazyon sa a ki make Jounen Nasyonal Timoun, Fondasyon “Zanmi Timoun” mande tou otorite ayisyen yo respekte angajman yo pran nan Konvansyon Dwa Timoun, sitou nan domèn pwoteksyon kont vyolans, abi ak eksplwatasyon. Ansanm, pou nou ofri timoun ayisyen yo yon lavi miyò, plen espwa ak posiblite.

Pòtoprens, 11 jen 2023

Claif REFIZE
Chèf Afè Legal
+5093484 5440