Note de presse

Tout Timoun se Timoun : Fondasyon Zanmi Timoun vle atire atansyon Leta ayisyen sou sitiyasyon kritik timoun katye popilè yo ap viv

Sa fè plizyè lanne yon sitiyasyon ki pa gen non ap develope nan plizyè katye popilè nan peyi a, tankou : Site solèy, Lasalin, Vilaj de Dye, Belè, ba Delma, Matisan, pou site sila yo selman. Kote anpil fanmi ki rete nan zòn sa yo ap sibi zak maspinay. Pou sove lavi yo, yo oblije abandone kay yo pou yo ale viv oswa sou yon plas piblik, nan sant espòtif, nan lari, oubyen kay kèk bon samariten, elatriye. Fanmi sa yo ki te deja pa t ka reponn ak bezwen ki pi nesesè pou timoun yo, jounen jodia sitiyasyon yo vin pi mal.
Fondasyon Zanmi Timoun vle fè konnen, deplasman fòse sa yo gen anpil konsekans sou timoun yo tankou aji sou sante mantal yo ki lakoz yo estrese, yo pè pale di sa yo santi, yo gen twoub konpòtman ki vin rann yo brital ak timoun y ap jwe, menm ak granmoun tou. Mete sou sa, genyen nan timoun yo ki gen chans deplase ak paran yo, gen lòt tou ki pa gen nouvèl paran yo e ki lage pou kont yo. Sa pèmèt Timoun sa yo vin ogmante kantite timoun ki vilnerab yo. Yo vin pi fèb toujou, yo vin pi ekspoze ak tout kalte vyolans ak eksplwatasyon. Yo vin mete sou kantite timoun ki t ap viv deja nan lari epitou posiblite pou yo pran viris kowona a vin pi plis, paske tout mezi prekosyon yo ta dwe pran pa respekte e varyan viris sa pa gen pas pou ki pou pèsòn.
Sitiyasyon timoun sa yo ap viv la touche Fondasyon Zanmi Timoun ki se yon òganizasyon k ap lite pou fè dwa timoun respekte nan peyi a, sitou timoun ki nan sitiyasyon difisil yo. Nan sans sa a, Fondasyon Zanmi Timoun vle rale zòrèy Leta ayisyen ki pa janm sispann vyole ansanm dwa ki espesifik ak timoun yo, tankou : Dwa pou yo viv nan yon anviwonman ki sen, pou yo jwenn bon jan ledikasyon, dwa pou yo manje, dwa pou yo jwe elatriye. Ansanm dwa sa yo soti nan konvansyon dwa timoun Leta ayisyen siyen e ratifye depi nan lanne 1994.
Fondasyon Zanmi Timoun ap tou pwofite mande otorite konsène yo, pou yo pran tout dispozisyon pou pote asistans prese prese ak timoun sa yo ki jouk jounen jodia ap dòmi nan lari ak sou plas piblik.Yon lòt kote, Fondasyon Zanmi Timoun ap fè leta ayisyen sonje yon fwa ankò obligasyon li genyen pa rapò ak konvansyon dwa timoun nan. Konvansyon sa fè leta ayisyen obligasyon pou li asire byenèt ak devlopman epi pwoteksyon tout timoun an jeneral.

Pòtoprens 1e jiyè 2021

Joseph Richard FORTUNE
Responsab kominikasyon
509 31877363