Note de presse

Rantre lekòl ane sa rete yon kochma pou tout paran

9 septanm 2019 se dat ministè edikasyon nasyonal la kenbe pou pòt tout lekòl louvri sou teritwa nasyonal la. Dat sa a bay anpil tèt chaje ak kè sote pou tout paran ki gen timoun ki lekòl. Pa rapò ak sitiyasyon ekonomik ak sekirite peyi a Fondasyon « Zanmi Timoun » gen anpil enkyetid sou louvèti lekòl la.
Nan yon peyi kote yon dola ameriken preske egal ak san (100) goud, tout pri materyèl didaktik yo tankou kaye, plim, liv ak valiz ogmante. Lavi chè a ap vale teren, manman ak papa pitit ap rele anmwe, yo pa konn kiyès pou yo rele. Alòske daprè konstitisyon 1987 la nan atik 32-1 li di « se pou Leta mete lekòl gratis pou tout timoun ». Sa vle di, se yon dwa tout timoun genyen pou yo jwenn bon jan ledikasyon. Se yon obligasyon li ye tou pou Leta pèmèt tout timoun jwenn bon jan ledikasyon sila. Malerezman dwa sa pase anba pye. Leta pa pran responsablite l pou tout timoun al lekòl gratis ti cheri jan konstitisyon an konsakre l la.
Fondasyon « Zanmi Timoun » konstate majorite lekòl nan peyi a se lekòl prive y oye. Nan zafè monte pri lekòl la menm, paran yo ap monte le syèl pa do. Yon sitiyasyon ki vyole lwa sou pri eskolè a ki mande pou lekòl yo monte chak 4 lane e ki pa ta dwe depase dis pousan (10%) daprè lwa senatè Kelly C. Bastien. Zafè monte pri lekòl nan peyi sa a rete yon gwo eskandal, sa ki montre aklè ankenn kondisyon pa respekte. Anplis Fondasyon « Zanmi Timoun » ap denonse yon pakèt lekòl ki itilize lòt estrateji pou pran kòb nan men paran yo. Tout bagay sa yo, se lakoz pa gen Leta nan peyi a k ap panse epi aji nan enterè popilasyon an.
Fondasyon « Zanmi Timoun » mete men nan tèt sou zak ensekirite k ap blayi chak jou pi plis nan peyi a. E l ap mande kisa leta konte fè pou tout timoun ki pral gen pou janbe Matisan, Bisantnè Lasalin pou ale lekòl yo? Ak ki kouraj paran yo pral livre pitit yo nan zòn sa yo? Lè yo konnen gen yon seri otorite iresponsab, sankoutcha ki wè tèt yo selman ak ti fanmi yo?
Fondasyon « Zanmi Timoun » ap mande ki kote bagay sa ap rive? Jodia kwadèbosal vin tounen yon zòn kote bandi achte lajan kontan. Yon espas kote gwo machann ak ti machann konn vin vann tout kalite pwodwi. Lè nou konnen travay se pi gwo liks ki genyen nan peyi a, espas sa yo, se te kote manman ak papa pitit vin chèche lavi pou pèmèt pitit yo ale lekòl. kwadèbosal, Lasalin, bisantnè tounen yon veritab espas lagè pou tout machann sa yo e menm pou moun ki frekante mache. Plizyè santèn machann, madan sara konn soti nan plizyè zòn nan pwovens yo pou vin vann machandiz yo nan lespri pou reponn ak responsablite yo anvè timoun yo. Ane sa kisa leta ayisyen ap di ak machann sa yo ? yo menm ki pa janm fatige, ki brave tout danje pou fè lajan nan lide pou yo pwofite achte liv, kaye, inifòm, valiz ak lòt ti bagay ankò pou y al prepare lekòl pitit yo ak kèk ti fanmi?
Fondasyon « Zanmi Timoun » vle raple Leta Ayisyen obligasyon l pou l asire bon jan edikasyon pou tout timoun. Fondasyon « Zanmi Timoun » mande Leta pou asire sekirite nan tout kwen nan peyi a pou timoun yo jwenn chans pou yo devlope. Bay timoun yo yon chans pou o mwen pèp la ka genyen espwa nan yon demen miyò. Ledikasyon se chimen devlopman. Timoun jodi granmoun demen ! Fondation « Zanmi Timoun » ap envite popilasyon an, manman ak papa pitit, jèn fi ak jèn gason yo reveye yo pou revandike dwa fondamantal yo. Ledikasyon se yon dwa se pa yon favè, fòk yo revandike dwa yo pou yo ak pou timoun yo.
Pòtoprens 21 dawout
Guylande MESADIEU
Kòdonatris
Telefòn : (509) 3612 8566