lèt louvri, Nòt la près

Pou Manadjè Sal Nouvèl yo nan biwo yo

Pòtoprens, 9 fevriye 2023

Pou Manadjè Sal Nouvèl yo
Nan biwo yo. –

Sijè: Envitasyon pou laprès

Mesye dam,
Fondasyon “Zanmi Timoun” salye w e felisite w pou travay w ap fè nan mond medya ayisyen an.
Kidonk, Li envite w nan yon konferans pou laprès ki pral fèt 10 fevriye 2023 a 10:30 AM nan lokal li a ki chita nan #39, Rue Baussan, Turgeau. Nan okazyon sa a, li pral prezante Rapò Anyèl li sou sitiyasyon Timoun ann Ayiti pandan ane 2022 la.
Konte sou prezans ou, Fondasyon “Zanmi Timoun” mande w pou w resevwa, Mesye dam, bonjou distenge li yo.

Joseph Richard FORTUNE
Manadjè kominikasyon
(509) 3187-7363