Note de presse

21 septanm, jounen entènasyonal pou lapè, Fondasyon « Zanmi Timoun » ap atire atansyon Leta Ayisyen sou dat sa pou l rive etabli bon jan sekirite nan peyi a

Jounen entènasyonal pou lapè selebre chak 21 septanm. Nasyonzini te komanse make dat sa depi lane 1981, se yon jounen ki konsakre pou lapè nan tout mond lan. Nan jou espesyal sa, Fondasyon « Zanmi Timoun » vle atire atansyon Leta ayisyen sou fenomèn gè gang avèk gang, ki debouche sou yon ensekirite jeneralize kote menm fòs lòd peyi a pèdi preske tout kontwòl teritwa a,menm jan tou fenomèn sa kreye yon laperèz lakay timoun yo sou tout pwen. Alòs konvansyon Nasyonzini sou dwa timoun fè obligasyon a chak Leta ki siyen e ratifye konvansyon sa pou yo respekte l nan tout entegralite l.
« Se relever, pour un monde plus équitable et durable » se tèm ki kenbe pou lanne 2021 an. Asanble jeneral Nasyonzini envite tout peyi manm yo reflechi sou pandemi COVID-19 la, sou fason yo ka jere popilasyon yo fas ak pandemi sa ki lakòz deja plizyè kretyen vivan pèdi lavi yo nan anpil gwo peyi, pou yo panse sou kouman yo ka rann peyi yo pi pwòp, pi fò. Nou menm an Ayiti sistèm sante a ajenou e menm pwoblèm ki pi piti yo poko ka rezoud. Si nap gade nou pa nan lagè ak pyès lòt peyi, men zam pa sispann chante tribòpabò nan kapital la tankou nan anpil lòt zòn ankò, nou ka di dezas ensekirite sa parèt pi mòtèl pou popilasyon an ke COVID 19 la.
Nan katye popilè yo gwoup gang ap pouse tankou djondjon chak semèn (chak blòk gen yon « chèf »), Sa ki vin kreye konfli pou teritwa, lagè ant gang ak gang majorite zòn yo divize, sa vin lakòz plizyè santèn fanmi oblije kite kay yo, ap dòmi nan lari, divès timoun vin òfelen sa ki vin rann timoun yo pi vilnerab ak vyolasyon, tout sòt eskplwatasyon tou. Sitiyasyon sa pote anpil vi ale, li lage anpil fanmi ak dlo nan je ki pa konnen kilè lap seche.
Fondasyon « Zanmi Timoun » konstate tou, sitiyasyon peyi a ap dejenere chak jou pi plis, se nan tout rakwen peyi a moun ap viktim paske pa gen bon zòn ankò, zòn rezidansyèl. Ensekirite a blayi kò l toupatou, lap vale tèren, lavi moun pa vle di anyen, Leta pa gen kontwòl li, se nèg ak zam kap fè la lwa tout kote w pase. Lè n ap gade nan ki sitiyasyon peyi an ye, la pè vin tounen yon rèv. Paske otorite konsene yo montre yo pa gen volonte ak kapasite pou yo rezoud kriz ensekirite kap mennen popilasyon an.
Fondasyon Zanmi Timoun ap envite otorite yo pou yo reflechi sou jounen sila a epi pran tout mezi nesesè tankou repran kontwòl pò, ayewopò, dwann, pwen fwontyè yo sou rantre zam nan peyi an. Aprè sa, reyaktive komisyon dezameman pou lapè kap tounen tout bon vre nan peyi an espesyalman nan katye popilè yo kote gen plizyè milye fanmi kap viv ladan yo.

Pòtoprens, 20 septenm 2021
Joseph Richard FORTUNÉ
Responsab kominikasyon
509 3187-73-63